Règleman ak vi prive
Dènye mizajou: 22 out 2026
Ki done nou kolekte
Lè w enskri, nou kenbe non w, imèl ou, telefòn ou si w bay li, ak kote w ye. Lè w sèvi ak Estidyo a, nou kenbe sa w ekri a ak sa AI a bay, pou nou ka montre w li ankò epi amelyore sèvis la.
Konsantman
Nou pa voye imèl ban w si w pa koche bwat imèl la. SMS ak WhatsApp se yon konsantman separe — ou ka aksepte imèl san w pa aksepte SMS. Ou ka retire w nenpòt lè: reponn STOP, oswa ekri nou.
Peman
Se Stripe (kat) ak MonCash (goud) ki trete peman yo. Nou pa janm wè ni kenbe nimewo kat ou. Kredi ou achte rete pou 12 mwa. Yo pa ranbousab yon fwa w sèvi ak yo. Konbyen kredi yon zouti koute ka chanje si founisè AI yo chanje pri yo — n ap fè w konnen anvan, epi kredi ou deja genyen kenbe valè yo pou 30 jou apre yon chanjman.
Sa w jenere
Tout tèks, imaj ak videyo ou jenere se pou ou. Ou ka sèvi ak yo pou biznis ou. Ou responsab pou w verifye enfòmasyon an anvan w pibliye l — AI ka fè erè.
Sa nou pa aksepte
Pa sèvi ak Flanbo AI pou fè fo nouvèl, pou imite yon moun reyèl, pou arasman, oswa pou nenpòt bagay ki ilegal.
Kontak
Ekri nou nan flanboai@gmail.com oswa sou WhatsApp +1 707 324 9168.